English | Español | Kreyol  | Português

Fondasyon Entèameriken an (IAF) mande voye pwopozisyon pou pwogram sibvansyon li an. IAF finanse travay gwoup popilè yo ap fè pou ede tèt yo, ansanm ak òganizasyon ki pa nan gouvènman ki sipòte yo, pou pouse devlopman ekonomik, amelyore kondisyon lavi, ak ankouraje patisipasyon moun ki nan bezwen ak ki majinalize nan aktivite kominote yo. IAF pa chèche idantifye pwoblèm ni konseye ki pwojè yo dwe fè; sa li fè, se reponn lè yo prezante yon inisyativ ba li. Yo chwazi pwojè pou finansman dapre merite yo, men pa dapre sektè.

ATANSYON: IAF sipòte pwojè nan Amerik Latin ak nan Karayib sèlman.

IAF asepte pwopozisyon nenpòt kilè nan lane a, epi li etidye yo menm lè li resevwa yo. Tout pwojè yo soumèt yo dwe konfòm ak direktiv ki afiche la a.

Kritè

Men kisa ki enterese IAF nan yon pwojè l ap finanse:

  • nouvo solisyon pou pwoblèm devlopman;
  • sèvi ak resous kominotè yo yon jan ki nouvo;
  • a plizyè kalite vwa kominote a nan devlopman ak egzekisyon pwojè a;
  • patisipasyon enpòtan benefisyè a nan (a) idantifye pwoblèm pou yo rezoud la, (b) apwòch yo chwazi pou rezoud li, (c) jan pwojè a konsevwa, epi (d) administrasyon ak evalyasyon aktivite yo;
  • travay kòm patnè ak gouvènman lokal, ak sektè prive a, epi ak òganizasyon nan sosyete sivil la;
  • posibilite pou ranfòse tout òganizasyon k ap patisipe yo, ansanm ak patnè yo;
  • posibilite reyalizasyon;
  • prèv ki montre kouman li pral kapab dire;
  • kontribisyon kontrepati moun k ap fè pwopozisyon an, benefisyè yo, ak lòt sous;
  • kapasite pou ede moun aprann;
  • rezilta ki kapab mezire;
  • prèv ki montre benefisyè yo vin kapab gouvènen tèt yo pi fasil.

Sa ki pi ba ka yo PA KALIFYE pou sibvansyon IAF:

  • pwopozison antite gouvènmantal prezante oswa voye;
  • pwopozisyon prive yon moun voye;
  • pwopozisyon yon antite ki pa nan menm peyi ak pwojè a prezante oswa voye;
  • pwopozisyon gwoup ki pa bay kontribisyon finansyè ni resous an nati pou aktivite ki pwopoze yo;
  • pwopozisyon ki konekte ak pati politik oswa mouvman patizan;
  • aktivite ki relijye oubyen sektè sèlman;
  • rechèch sèlman;
  • nenpòt ki kalite pwojè asistans sosyal, oswa pou enstitisyon charite, oubyen pwopozisyon ki sèlman pou fè konstriksyon ak/oswa achte ekipman;
  • demann sibvansyon pou mwens pase US$ 25 000 oswa plis pase US$ 400 000;
  • pwojè ki gen objektif ki pa ankouraje moun pran responsabilite pou ede tèt yo

Nou asepte aplikasyon pandan tout lane a nan lang pòtigè, angle, franse, oswa kreyòl ayisyen.

Pou voye yon aplikasyon nan lapòs, voye l dirèk nan adrès sa a: Inter-American Foundation, Program Office. IAF pa asepte aplikasyon yo voye nan faks.

Yo mèt voye aplikasyon nan kourye elektwonik nan adrès proposals@iaf.gov. Aplikasyon yo voye nan adrès elektwonik yo dwe genyen non peyi pwopozisyon an nan liy objè a.

Voye aplikasyon w lan yon fwa sèlman, epi tann konfimasyon anvan ou kontakte IAF.
Premye analiz la pral pran senk mwa, epi li pral abouti sou yon ti kantite pwojè pou nou analize pi lwen nan visit kote a. Lè gen yon pwopozisyon ki rejte, n ap fè moun ki voye l la konnen. Dapre konpleksite pwojè a, ak kantite visit ki bezwen fèt nan kote a, sa ka pran jiska 12 mwa pou nou fin apwouve yon pwopozisyon.

Si w gen nenpòt kesyon, ou mèt kontakte Jenny Petrow, reprezantan Fondasyon pou Ayti.

Fòma

Aplikasyon IAF la dwe gen 3 pati ladan:

Premye Pati: Paj Kouvèti a. Ou dwe mete enfòmasyon yo mande yo ladan l.
Dezyèm Pati: Deskripsyon. Pou reponn kesyon yo, pa depase 10 paj an doub entèliy, nan karaktè 12 pwen.
Twazyèm Pati: Bidjè. Suiv modèl la.


ATANSYON: Si yon pwopozisyon depase limit ki ekri pi wo la yo, nou pa kapab asepte l. Si nou pa resevwa tout materyèl nou mande yo, sa pral diskalifye pwopozisyon an. Pa mete fichye anekse.

Suiv modèl la.Pou reponn kesyon yo, pa depase 10 paj an doub entèliy, nan karaktè 12 pwen.

Klike isit la pou telechaje fòmilè yo ak fòma an français ou kreyòl.


Last updated: 6/28/2012 4:33:41 PM